J
JRICKSS Financial Services Zouti entèn

Verifye Routing Number

Twa etap pou jwenn epi konfime routing number yon kliyan san erè, anvan li ale sou yon tax return oswa yon direct deposit.

Règ nimewo 1: nou pa janm devine yon routing number nan yon lis. Nimewo a dwe soti nan yon sous ki mare ak kont kliyan an (chèk li, app bank li, ansyen return li, oswa bank la li menm). Zouti sa a la pou verifye, li pa la pou devine.
Etap 1

Jwenn nimewo a nan yon sous ki asire

Kliyan an pa gen chèk? Pa gen pwoblèm. Men lòt sous yo, nan lòd ki pi fasil.

1App mobil bank la Pi bon opsyon

Fè kliyan an louvri app bank li sou telefòn li, peze sou kont checking oswa savings la, epi chèche "Account details", "Account & routing number", oswa yon ikòn je pou montre nimewo yo.

Avantaj: ou jwenn routing number la AK account number egzak la an menm tan, dirèkteman nan men bank la.

2Dènye tax return li (si li te gen direct deposit)

Si kliyan an te resevwa yon refund pa direct deposit sou menm kont lan ane pase, routing number la ak account number la ekri nan seksyon refund sou fòm 1040 la. Si se nou ki te prepare return lan, nou gen li nan dosye nou deja.

Atansyon: konfime ak kliyan an ke li poko fèmen oswa chanje kont sa a.

3Yon chèk oswa yon deposit slip

Premye 9 chif anba agoch chèk la se routing number la. Apre sa vini account number la, epi nimewo chèk la an dènye.

4Kliyan an gen nimewo yo men li bliye ki bank li ye

Sa rive souvan: moun nan gen routing number ak account number ekri yon kote, men li pa sonje ki bank. Bon nouvèl: se routing number la ki idantifye bank la. Account number pou kont li pa ka di w ki bank.

Ale nan Etap 2, tape routing number la, epi peze "Ki bank sa a?". Zouti a ap di w non bank la. Apre sa, konfime sou sit Fed la (Etap 3) epi mande kliyan an si li rekonèt bank la vre.

5Kliyan an konnen bank la ak adrès la, men li pa gen routing number

Atansyon: rechèch pa non + eta sou sit Fed la PA mache pou gwo bank yo, paske yo anrejistre tout nimewo yo nan eta headquarters la. Men bon workflow la:

1. Jwenn yon nimewo kandida pou eta kliyan an: sou paj routing number ofisyèl sit bank la, nan app kliyan an, oswa sou sit referans nou an. Sit sa a se yon referans prive, se pa sous ofisyèl, kidonk nimewo li bay la se yon kandida sèlman. Eta a se eta kote kont lan te ouvri.

Louvri usbanklocations.com ↗ Louvri sit Federal Reserve la ↗

2. Tape nimewo kandida a nan Etap 2 epi peze "Ki bank sa a?". Si li tounen bon bank la, ou sou bon chemen.

3. Konfime sou sit Fed la (Etap 3) ak nimewo a, epi fè kliyan an konfime l nan app li oswa sou yon chèk anvan return lan soumèt.

6Rele bank la ansanm ak kliyan an

Si okenn lòt sous pa disponib, rele nimewo sèvis kliyan bank la pandan kliyan an la. Bank la ap verifye idantite kliyan an epi bay routing number ki bon pou kont li a.

Sonje: gwo bank yo gen plizyè routing numbers selon eta kote kont lan te ouvri ak tip tranzaksyon an (ACH kont wire). Se sa k fè bank la li menm se pi bon referans.

Etap 2

Tcheke si nimewo a valab

Tape nimewo a. Dènye chif la se yon chif kontwòl matematik. Si kalkil la pa bon, gen yon fot frap yon kote.

Klike sou bwat yo epi tape 9 chif yo.

Enpòtan: yon fòma ki valab vle di pa gen fot frap. Li pa garanti ke se bon nimewo pou kont kliyan sa a. Se Etap 3 ki konfime sa.

Etap 3

Konfime ak sous ofisyèl la

Chèche nimewo a nan E-Payments Routing Directory Federal Reserve la. Li senkronize chak jou ak baz done FedACH ak Fedwire yo.

Sou sit la: klike "Agree", chwazi FedACH (pou direct deposit), epi antre nimewo a. Konfime non bank ki parèt la se menm bank kliyan an di li genyen an.

Fini 3 verifikasyon yo anvan w mete nimewo a sou return lan.